Accessibility links

Breaking News

Depite Ameriken Frederica Wilson Di Chapo Ba pou Aysiyen nan Okasyon 214èm Fèt Drapo Nasyonal la


Foto konbinezon ki montre Depite Ameriken Frederica Wilson ak bikolò ayisyen an.
Foto konbinezon ki montre Depite Ameriken Frederica Wilson ak bikolò ayisyen an.

Nan jounen jedi 18 me 2017 la, nan okazyon 214èm anivèsè kreyasyon drapo nasyonal ayisyen an, Depite ameriken Frederica Wilson (24èm sikonskripsyon Eta Florid) fè parèt deklarasyon sa a:

Yon jou kou jodi a, nan lane 1803, lidè Revolisyon Ayisyèn nan, Jean-Jacques Dessalines, avèk pitit-pitit fi li Catherine Flon te kreye premye drapo ayisyen an. Ti peyi a tap batay pou l pran endepandans li e li te sou wout pou l lanse sèl revòlt esklav ki reyisi nan tout Emisfè Oksidantal la.

Chak ane, nan dat 18 me a, nou selebre Jou Drapo Ayisyen an, nou onore kilti peyi Dayiti a e nou bat bravo pou gwo kantite kontribisyon Ayisyen pote bay Lèzetazini.

Ane sa a nap livre yon batay tou: Se batay pou nou jwenn yon pwolongasyon pou deziyasyon Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) ki ta sipoze rive nan bout li nan dat 22 jiyè pwochen an; nap livre batay sa a yon fason pou n anpeche yo depòte Ayisyen ki gen TPS yo. Ayiti ap batay rèd pou rekonstriksyon li aprè kèk gwo dezas natirèl –pami yo genyen tranblemanntè ak siklòn—epi peyi a pa nan kondisyon pou l resevwa depòte ni pran swen yo. Se konsa tou Ayiti ap fè fas ak kèk kriz ki gen rapò ak lasante, sòti nan kolera pou rive nan Zika.

Antanke reprezantan yon gwo kominote ayisyen nan Kongrè a, mwen te gen okazyon wè ak 2 je mwen kijan Ayisyen kap viv nan Miami yo pote-kole pou soulaje soufrans sitiyasyon sa a koze ann Ayiti; pou sa se reglyèman yo voye lajan, rad ak lòt pwovizyon nan peyi lakay pou fanmi yo ak zanmi yo e se menm bagay la pou Ayisyen kap viv nan lòt vil atravè Lèzetazini. Nan kèk ka, bèl aksyon sa yo se sèl mwayen ki pèmèt moun ki resevwa asistans sa yo rive siviv.

Se konsa tou, Ayisyen pote divès kontribisyon pou anrichi lavi a Ozetazini; e se yon onè pou mwen rekonèt bèl reyalizasyon yo.

Frederica Wilson

Depite 24èm Sikonskripsyon Eta Florid

18 me 2017.

XS
SM
MD
LG