Accessibility links

Breaking News

Venezuela Politik : Prezidan Maduro Revoke Minis Sante Piblik la, Antonieta Caporale


Manifestan sa a ap mande pou gouvènman Prezidan Nicolàs Maduro a rezoud gwo pwoblèm sante ki poze nan peyi a. (Foto AP/Fernando Llano).
Manifestan sa a ap mande pou gouvènman Prezidan Nicolàs Maduro a rezoud gwo pwoblèm sante ki poze nan peyi a. (Foto AP/Fernando Llano).

O Venezuela, Prezidan Nicolàs Maduro revoke minis sante piblik li a, Antonieta Caporale, apre kèk dokiman a ki te parèt an piblik montre kriz medikal peyi a ap travèse a vin pi mal. Gouvènman an fè konnen li pral mete yon famasyen, Luis Lopez, nan plas Madam Caporale, yon jinekològ ki pase 4 mwa sèlman nan tèt ministè a.

Se Vis Prezidan Tareck El Aissami ki anonse nouvèl la byen ta nan jounen jedi 11 me 2017 la. San Vis Prezidan an pa bay detay, li ekri sou kont Twitter li pou l di: “Prezidan Nicolàs Maduro genyen gwo rekonesans pou Doktè Antonieta Caporale pou travay li reyalize.”

Pwotestasyon nan Karakas, Venezuela, kote manifestan yo ap mande pou Prezidan Maduro kite pouvwa a.
Pwotestasyon nan Karakas, Venezuela, kote manifestan yo ap mande pou Prezidan Maduro kite pouvwa a.

Nouvèl la parèt nan laprès nan moman yon gwoup granmoun aje ki move kou kong tap manifeste pou yo denonse le fèt ke yo pa jwenn medikaman nan peyi a. Nan jounen vandredi 12 me 2017 la granmoun sa yo pote kole ak lòt manifestan kap mande pou prezidan Maduro kite pouvwa a. Depi 4 mwa deja Venezuela ap fè fas ak yon resesyon akoz yon gwo bès nan ekspòtasyon petwòl peyi a. Resesyon sa a kreye yon gwo mank nan pwovizyon de baz yo, tankou manje ak medikaman.

Semèn sa a Depatman Sante Piblik la pibliye chif ki montre pandan ane 2016 la to mòtalite a pami timoun yo te anrejistre yon ogmantasyon 30 pousan, to mòtalite pami fanm yo te sibi yon wòs 65 pousan, epi kantite ka malarya yo te anrejistre yon ogmantasyon 76 pou san. Daprè menm sous la, gen ogmantasyon tou nan kantite ka difteri ak zika.

XS
SM
MD
LG