Accessibility links

Breaking News

Etazini-Sante: Chanm Depite Vote yon Pwopozisyon-Lwa ki Anonse Gwo Chanjman nan Sistèm Swen Sante a

Lidè repibliken nan Cham Depite a te reyini nan La Mezon Blanch pou yo selebre pasaj pwopozisyon-lwa sou chanjman nan sistèm swen sante a
Lidè repibliken nan Cham Depite a te reyini nan La Mezon Blanch pou yo selebre pasaj pwopozisyon-lwa sou chanjman nan sistèm swen sante a

Ozetazini, Chanm Reprezantan an pase yon pwopozisyon-lwa Repibliken yo te apiye pou wete e ranplase kèk gwo moso nan lwa sou swen sante ki an pratik nan peyi a. Vòt sa a bay Prezidan Donald Trump premye gwo viktwa li nan Kongrè a.

6 semèn apre divès obsèvatè te konsidere pwopozisyon lwa a mouri, li jwenn apwobasyon Chanm nan ak yon vòt 217 pou e 213 kont nan mitan apre-midi jounen jedi 4 me 2017 la. Se premye pa Repibiken yo fè sou wout ki ka pèmèt yo akonpli yon pwomès yo te fè sa gen 7 tan pou yo ranplase yon lwa ki rele “Affordable Care Act, swa Lwa sou Swen Sante Abòdab la ou Obamacare; obsèvatè yo konsidere lwa sa a kòm pi gwo reyalizasyon Prezidan Barack Obama.

Prezidan Donald Trump (nan mitan) avèk li Vis Prezidan Mike Pence (a dwat) ki te gen avèk yo divès depite repibliken, te reyini nan Jaden Woz La Mezon Blanch la R aprè Chanm dè Reprezantan an te fin apwouve sa ki rele an anglè The American Healthcare Act (ou Lwa Ameriken sou Swen Sante a) ki ka ranplase kèk gwo pati nan Obamacare la...

Nan kòmasnman jounen jedi 4 me a, Prezidan Donald Trump te pibliye yon mesaj yon kont Twitter li kote li te anonse "Repibliken yo pral bay yon gwo konferans pou laprès nan la Mezon Blanch aprè vòt la.” Vrèmanvre, imedyatman apre pwopozisyon-lwa a te pase nan Chanm Bas la, gwo depite repibliken yo te bay yon konferans pou yo anonse pasaj dokiman an. Pwopozisyon-lwa a prale kounye a devan Sena a kote moun poko konnen nan ki sans majorite a pral vote.

XS
SM
MD
LG