Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Deziye Ayiti a Franchi Youn nan Gwo Etap pou l Kapab Vini Chèf Gouvènman Peyi a


Premye Minis deziye Ayiti a, Dr Jack Guy Lafontant ki tap salye manm Sena a apre diskou li nan Palè Nasyonal nan okasyon seremoni nominasyon li kòm nouvo chèf gouvènman, Pòtoprens, Ayiti. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)
Premye Minis deziye Ayiti a, Dr Jack Guy Lafontant ki tap salye manm Sena a apre diskou li nan Palè Nasyonal nan okasyon seremoni nominasyon li kòm nouvo chèf gouvènman, Pòtoprens, Ayiti. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)

Dr. Jack Guy Lafontant jwenn apui majorite senatè yo nan Gran Kò a kote 20 ladan yo vote pou li e 7 lòt fè abstansyon. Vòt sa a reprezante premye etap premye minis nome a te bezwen franchi avan pou l kòmanse dirije gouvènman peyi a. Dezyèm etap la se pral devan 119 depite nan Chanm Bas la.

Senatè yo ratifye plan gouvènman Dr. Jack Guy Lafontant an nan dat 16 mas 2017 la vè 6 è edmi du maten apre yo te fin pase 17 è tan kote yo tap tande premye minis nome a epi poze l kesyon avan yo te detèmine si wi ou non yo apwouve politik jeneral li a.

Premye minis nome a, Jack Guy Lafontant se yon medsen ki pat janm okipe oken pòs nan leta avan sa. Li menm ak prezidan peyi a Jovenel Moise se manm pati politik tèk kale (PHTK).

Enfòmasyon sou taks Mesye Lafontant te soulve kesyon nan Gran Kò a. Dapre Senatè Antonio Cheramy, Dr. Jack Guy Lafontant, pat peye enpo pandan 5 an . Sepandan, li te fè sa la pou la apre li fin jwenn nominasyon pou l okipe pòs premye minis la.

Yon premye seyans ki te dwe dewoule nan Sena pou Mesye Lafontant te prezante plan gouvènmam li an pat rive fèt lendi 13 mas pase a akoz mank kowòm, apre 3 senatè PHTK ak youn nan pati alye li yo te pati kite sal la. 4 senatè yo te pran desizyon pou yo pa patisipe nan seyans la paske yo pat jwenn satisfaksyon nan egzijans yo te fè pou pataje pouvwa a.

Depite Kenskòf la, Alfredo Antoine (KID) ak depite Tomazo a, Cyprien Price (PHTK) te kritke konpòtman 4 senatè yo kote yo di se pa wòl yon palmantè pou l ap chache djòb pou moun nan gouvènman an, men pito mete kontròl sou jan aparèy leta a ap fonksyone.

Pandanstan, Chanm Bas la, kote pati PHTK a an majorite, poko fikse oken dat pou Dr. Jack Guy Lafontant vin fè enonse politik jeneral li.

XS
SM
MD
LG