Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Premye Mesaj Prezidan Donald Trump devan 2 Cham Kongrè a Reyini


Prezidan Donald Trump pandan li tap mete premye mesaj li devan 2 chanm Kongrè a reyini nan Washington, nan dat 28 fevriye 2017 la.
Prezidan Donald Trump pandan li tap mete premye mesaj li devan 2 chanm Kongrè a reyini nan Washington, nan dat 28 fevriye 2017 la.

Ozetazini, Prezidan Donald Trump prezante premye mesaj li devan 2 chanm kongrè a reyini nan sware madi 28 fevriye 2017 la --mesaj kote li te parèt, daprè kèk ògàn de près, "pi prezidansyèl” ke nan diskou li te fè nan okazyon seremoni prestasyon sèman li a nan dat 20 janvye pase a.

Prezidan Donald Trump devan 2 chanm Kongrè a. O fon, adwat, prezidan Chanm dè Reprezantan an, Paul Ryan, epi agoch, Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence.
Prezidan Donald Trump devan 2 chanm Kongrè a. O fon, adwat, prezidan Chanm dè Reprezantan an, Paul Ryan, epi agoch, Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence.

Nan mesaj prezidan an mete devan palmantè yo --ki te rezève pou li yon resepsyon chaje chalè-- li detaye priyorite administrasyon li a e li repete yon pwomès li te fè pandan kanpay elektoral la, pwomès pou l mete sekirite sou fwontyè Lèzetazini. Prezidan Trump di:

“Nou vle pou tout sitwayen ameriken reyisi; men siksè sa a pap posib nan yon anviwonnman kote absans respè lalwa kreye yon dezòd total. Nou dwe retabli entegrite ak respè lwa sou fwontyè nou yo. Pou rezon sa a, anvan lontan nou pral kòmanse konstriksyon yon gwo, gwo miray sou fwontyè sid Lèzetazini an.”

3 pèsonalite te bay repons Pati Demokrat la pou mesaj prezidan an. Youn nan yo se ansyen gouvènè Eta Kentucky, Steve Beshear, ki kritike lidè ameriken an poutèt, antwòt, li anonse lap pran dispozisyon pou li elimine plan asirans sante OBAMACARE la. Misye Beshear deklare:

Ansyen gouvènè Eta Kentucky Steve Beshear.
Ansyen gouvènè Eta Kentucky Steve Beshear.

“Prezidan an kapab e li ta dwe fè aplike lwa sou imigrasyon nou yo. Men, nou kapab pwoteje Lèzetazini san nou pa abandone prensip nou yo ni obligasyon moral nou genyen pou n ede sila yo kap kouri pou lagè ak zak teworis; san nou pa divize fanmi yo; san nou pa mete an danje san rezon lavi fanm ak gason kap goumen nan lagè a letranje yo.”

Pòtpawòt Mezon Blanch la, Sean Spicer.
Pòtpawòt Mezon Blanch la, Sean Spicer.

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Sean Spicer -ki tap abòde mesaj la nan pwen-de-près li mèkredi premye mas 2017 la—fè konnen :

“Se 2 diskou ki te gen 2 objektif diferan: nan diskou prestasyon sèman an, prezidan an te detaye vizyon li pou peyi a... tandiske nan mesaj madi swa a, misye Trump di ki estrateji li pral itilize pou l reyalize vizyon sa a.”

Fondatris e direktris òganizasyon Fanm Ayisyèn nan Miami, Marlène Bastien, di deklarasyon Prezidan Donald Trump fè sou dosye imigrasyon an ba li ankourajman. Madam Bastien --ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik nan jounen mèkredi a-- fè konnen pawòl lidè ameriken an pa koresponn ak reyalite a sou teren an kote otorite imigrasyon yo kontinye arete epi depòte imigran ki san papye legal yo --pami yo gen ayisyen kap viv nan katye "Ti Ayiti" nan Miami. Marlène Bastien ajoute òganizasyon lap dirije a kòmanse fè demach pou li ankouraje administrasyon Trump la renouvle TPS (Stati Pwoteksyon Tanporè) pou Ayisyen yo --yon stati kap ekspire nan fen mwa jiyè 2017 la.

Ekstrè entèvyou Marleine Bastien bay Jean-Pierre Leroy sou diskou Prezidan Donald Trump fè devan 2 chanm Kongrè a.
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:04 0:00

Klike sou lyen ki anlè a pou w swiv yon ekstrè entèvou Marleine Bastien bay Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG