Accessibility links

Breaking News

Palmantè Demokrat yo Envite Kèk Imigran pou Vin Asiste Diskou Prezidan Trump Gen Pou l Pwononse Devan 2 Chanm Kongrè a


Depite Judy Chu, D-Kalifòni, ap gade Fiorella Zuniga ki soti nan Dumfries, Virjini, k ap kriye pandan yon konferans nan Washington, 9 desanm, 2015. Zuniga te fèt nan peyi Etazini men paran li yo se imigran san papye ki soti nan Perou.
Depite Judy Chu, D-Kalifòni, ap gade Fiorella Zuniga ki soti nan Dumfries, Virjini, k ap kriye pandan yon konferans nan Washington, 9 desanm, 2015. Zuniga te fèt nan peyi Etazini men paran li yo se imigran san papye ki soti nan Perou.

Objektif demach sa a se pou montre piblik la ak tout kongrèsman yo ki kalite moun politik imigrasyon administrasyon Trump lan sible.

Ase souvan, tout manm Kongrè a konn gen biyè envitasyon pou pèmèt moun vin tande diskou prezidan ameriken an, jan sa pral fèt 28 fevriye 2017 la. Sepandan, se souvan yon fanmi , yon zanmi, oubyen yon moun nan sikonskripsyon palmantè yo ki kon jwenn mòd envitasyon sa yo.

Fwa sa a, objektif kan Demokrat la se voye yon mesaj bay Prezidan Trump kote yo envite yon doktè irakyen-ameriken, ki te dekouvri gwo kantite plon nan san yon pakèt timoun kap viv nan vil Flent nan eta Michigann.

Depite Demokrat yo envite tou yon doktè ki fèt nan Pakistan e kap bay malad bon jan swen nan Wodaylann. Yon ameriken ki se pitit fi yon refije Palestinyen e kap ede fanmi fè demand pou antre Ozetazini twouve l pami gwoup envite ki pral suiv diskou Prezidan Trump gen pou l pwononse nan Kongrè a.

Depite Demokrat, Luis Gutierrez, pou eta Ilinwa
Depite Demokrat, Luis Gutierrez, pou eta Ilinwa

Kongrèsman Demokrat eta Ilinwa a,Luis Gutierrez, pale pou l di e nap site: “Mwen vle pou Prezidan Trump wè figi yon dam, figi yon Mizilman, ak figi yon lòt moun ki se yon fanm ki enrichi e kap bay kontribisyon l nan peyi a malgre li te antre isit Ozetazini kòm yon refijye.”

Klike sou videyo ki anba tèks la pou suiv yon repòtaj sou sa piblik la ka atann li sou diskou Prezidan Donald Trump la, madi 28 fevriye 2017 devan Kongrè a vè 9:00pm. Yon repòtaj Jacquelin Belizaire.

Etazini: Prezidan Donald Trump Pral Pran Lapawòl Devan 2 Chanm Kongrè a Reyini Madi 28 Fevriye 2017
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:04 0:00

XS
SM
MD
LG