Accessibility links

Breaking News

Debòdman yon Kanal Dlo nan Vil San Francisco Fòse Anpil Abitan Kite Kay yo


Domaj yon debòdman dlo lakoz nan Ooville,Kalifòni peyi Etazini.11 fevriye, 2017.
Domaj yon debòdman dlo lakoz nan Ooville,Kalifòni peyi Etazini.11 fevriye, 2017.

Prèske 200 mil moun kontinye ap swiv lòd pou yo kite bouk kote yo rete nan eta Kalifòni nan lwès Etazini pandan otorite yo ap chache repare yon pwoblèm nan baraj ki pi wo nan zòn nan pou anpeche kanal debòdman, kraze epi lage dlo inondasyon san kontwòl.

Ijans ki te mennen nan lòd pou evakye zòn nan sanble diminye; men otorite yo ap evalye kouman pou yo repare kanal ki pote dlo debòdman yo anvan yo deside si moun ka tounen nan kominote yo ki nan distans 240 kilomèt ak pati nòdès vil San Francisco.

Otorite yo t ap wete 2 mil 830 mèt kib dlo pa segond nan prensipal kanal debòdman an dimanch 12 fevrieye 2017 la, konsa yo redui dlo nan rezèvwa a, pou pa gen dlo ankò nan kanal debòdman an.

XS
SM
MD
LG