Accessibility links

Breaking News

Donald Trump Prete Sèman Kòm 45èm Prezidan Lèzetazini


Donald Trump pandan li tap prete sèman kòm 45èm Prezidan Lèzetazini.
Donald Trump pandan li tap prete sèman kòm 45èm Prezidan Lèzetazini.

Milyadè ameriken Donald Trump –ki fè fotin li nan vant ak acha pwopriyete imobilye- prete sèman kòm 45èm prezidan Lèzetazini.

Nan yon vil Washington kote syèl la te chaje ak nyaj e anba menas lapli, Misye Trump –ki genyen 70 zan- tounen kòmandan an chèf ki pi aje, avèk yon sèman kote li pwomèt –menm jan ak prezidan pase yo-- pou li “prezève, pwoteje epi defann konstitisyon Lèzetazini an.”

Yon pati nan foul ki te rasanble pou asiste seremoni prestasyon sèman Donald Trump la nan jounen 20 janvye 2017 la (Foro: B. Allen / VOA)
Yon pati nan foul ki te rasanble pou asiste seremoni prestasyon sèman Donald Trump la nan jounen 20 janvye 2017 la (Foro: B. Allen / VOA)

Plizyè santèn milye moun --anpil nan yo se moun ki renmen slogan kote Misye Trump pwomèt pou l fè “Lèzetazini vin gran ankò”-- te rasanble depi byen bonè sou plas piblik ki rele “Mall Nasyonal la” pou wè si yo te ka gen chans kapte ak je yo moso nan seremoni sa a ki fèt chak 4 tran e ki tap dewoule sou mach Kongrè a.

Seremoni prestasyon sèman Trump la ---ki fèt apre yon kanpay elektoral ki te chanje ka pwoblèm—se fen yon transfè pouvwa ki dewoule nan lapè e kote Prezidan Barack Obama kite La Mezon Blanch apre 2 manda.

Se prezidan Kou Siprèm nan, John Roberts, ki te administre prestasyon sèman an pandan Donald Trump te mete men li sou 2 Bib: youn li te posede padan li te jèn, epi yon lòt ki la depi 19èm syèk e ki te sèvi pou fè Prezidan Abraham Lincoln, lidè Lèzetazini pandan Lagè Sivil la, prete sèman. Yon ti moman anvan sa, ansyen gouvènè Eta Indiana a, Mike Pence, te prete sèman kòm nouvo Vis Prezidan ameriken nan plas Joe Biden.

XS
SM
MD
LG