Accessibility links

Breaking News

UCREF (Unité Central de Renseignements Financiers) Bay Detay sou Dosye Jovenel Moise la


Madam Jistis
Madam Jistis

Direktè Jeneral UCREF (Unité Centrale de Renseignements Financiers), Sonel Jean-François, bay yon konferans pou laprès, nan jounen mèkredi 18 janvye 2017 la, kote li mete devan jounalis yo nimewo kont bankè an dola ameriken prezidan eli a, Jovenel Moïse, nan yon rapò UCREF ki soupsone pwochen chèf deta a nan aktivite blanchiman lajan. Misye Jean-François fè konnen pa gen erè nan dosye a; enstitisyon an sèvi ak done finansye li gen a la dispozisyon li.

Lavwadlamerik te eseye kontake pòtpawòl Pati Ayisyen Tèt Kale a, (PHTK), Dr. Rudy Hériveaux ki pat disponib. Mesye Herivaux, ki deja reyaji nan laprès sou dosye a, fè konnen ankèt sa a se yon tantativ entimidasyon; objektif li se bloke byen bonè Prezidan Eli a. Li ajoute:

“Yo pat ka bloke Jovenel Moise nan eleksyon; kounye a yap sèvi ak aparèy jidisyè a pou yo kreye nuizans pou li. Kou sa a pap pase."

Yon lòt kote, yon kabinè denstriksyon nan Pòtoprens, sou demand Komisè Gouvènman kapital la, Danton Léger, ap mennen ankèt sou rapò UCREF la ki ta enplike Prezidan Eli a. Selon rapò sa a, pwochen chèf deta a, avan li te ranpòte eleksyon prezidansyèl la, tap jere fon lajan ki pa ta gen okenn rapò ak antrepriz li tap dirije yo. Chèf Pakè a di Lavwadlamerik lap tann kounye a rapò jij enstriksyon an.

Direktè Jeneral UCREF la, Sonel Jean-François, pote presizyon sou rapò konsènan dosye Jovenel Moise la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:39 0:00
Entèvyou Komisè Gouvènman Danton Léger ak Jean-Pierre Leroy sou dosye UCREF/Jovenel Moise la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:36 0:00

Klike sou 2 lyen anlè yo pou w tande 1. yon eksptrè nan deklarasyon Direktè Jeneral la UCREF la, Sonel Jean-François, fè sou dosye a;- 2. Ekstrè yon entèvyou Komisè Gouvènman Pòtoprens la, Danton Léger, bay kolaboratè nou Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG